Ayiti 365 prezante
Sa k Fè Ayisyen Espesyal
Yon konkou ekriti ak videyo pou Elèv Ayisyen ki gen ant 11 ak 15 an.



Byenvini sou Ayiti 365
Atravè konkou sa a, nou envite jèn yo pataje sa ki fè yo fyète kòm Ayisyen.

Yon vwa, yon idantite
“Sa k fè nou espesyal la, nan chak grenn nan nou. Nan jan nou pale, jan nou kanpe, jan nou renmen.”
Konkou a se yon espas pou jèn yo di sa yo santi, pataje istwa yo epi mete limyè sou richès kilti n.
Konkou 2026
Pran lapawòl. Pataje Lide w.
Ekri yon tèks ant (75-100 mo) epi fè yon videyo (ki pa depase 1 minit) pou di sa k fè n inik kòm Ayisyen.
Pri pou ranpòte
1ye Pri
40,000
Goud
2yèm Pri
20,000
Goud
3yèm Pri
10,000
Goud
Fon prim yo se yon konbit sitwayen: ansyen manm kominote Impact Hub Pòtoprens ak KayTita mete ansanm pou ofri yo.
Sipòte pa



